top of page

FAQ - Frequently Asked Questions

Who can enter the raffle?

Anyone over age 18 can play, as long as you live in The Bahamas and have been vaccinated. 

Ki moun ki ka antre nan raf la?

Nenpòt moun ki gen plis pase 18 an ka jwe, toutotan w ap viv nan Bahamas epi yo te pran vaksen an isit la.

Do I have to be fully vaccinated to enter?

No!  You are eligible for the raffle as soon as you get your first jab.  (For full protection, please get your second jab as soon as you are eligible.)

Èske mwen dwe vaksinen total (2 dòz) poum patisipe?

Non! Ou kalifye pou raf la le depi ke ou pran premye dòz ou. (Pou pwoteksyon konplè, tanpri pran dezyèm dòz ou le pli vit ke ou kalifye.)

Which vaccines work for the raffle? 

All vaccines administered in The Bahamas do a good job of protecting you against death or serious illness from COVID, so they all count for this raffle! 

Ki vaksen ki sèvi pou raf la?

Tout vaksen yo bay nan Bahamas fè yon bon travay pou pwoteje ou kont lanmò oswa maladi grav kont COVID, kidonk yo tout konte pou raf sa a!

Can I enter more than once?

Only one entry per person (otherwise you will be disqualified).

Èske mwen ka antre plis pase yon fwa?

Chak moun ka antre yon sèl fwa (sinon ou pral pèdi kalifikasyon ou).

How long will the raffle run?

We will run the raffle for as long as we have prizes or until 70% of the Bahamian population is fully vaccinated… whichever comes first!

Konbyen tan raf la gen pou mache?

Raf la gen pou mache tout tan nou gen prim oswa jiskaske 70% nan popilasyon Bahamian an konplètman vaksinen ... kèlkeswa sa ki vini avan!

Can I donate a prize to the raffle?

Sure!  The more prizes we have, the longer we can run the raffle.  If you would like to donate a prize, please email us at vaxbahamas@gmail.com

Èske mwen ka bay yon prim pou raf la?

Wi ou kapab! Plis prim nou genyen, se plis nou ka mache raf la. Si ou ta renmen bay yon prim, tanpri imèl nou nan vaxbahamas@gmail.com

Where do I pick up my prize?

If you win, we will announce your name on “Morning Blend with Dwight Strachan.” Vax Bahamas will reach out to arrange collection. We are contactable at

vaxbahamas@gmail.com

Ki kote mwen ka al pran prim mwen an?

Gayan yo ka al chèchè prim yo dirèkteman nan men machann yo. Si ou genyen, nou pral anonse non ou sou emisyon "Morning Blend with Dwight Strachan." sou frekans radyo 96.9fm

What if I wasn’t listening to the radio when my name was called?

Don’t worry!  Even if you don’t hear your name called, we will call or email you. 

E si mwen pa t ap koute radyo a lè yo te anonse non mwen?

Pa enkyete ou! Menm si ou pa tande non ou rele, nou pral rele oswa imèl ou.

How do I prove I have been vaccinated?

When you pick up your prize, bring a digital or paper copy of your vaccination and we will check it against our records.

Kouman pou mwen pwouve mwen te pran vaksen an?

Lè ou al ranmase prim ou, pote yon kopi dijital oswa papye vaksinasyon ou an epi n ap tcheke li nan achiv nou yo.

If I enter the raffle, how will my personal information be used?

The information we collect for the raffle will never be sold or passed to a third party.  Encouraging Bahamians to get vaccinated is our SOLE GOAL.

Si mwen antre nan raf la, nan ki fason yo pral itilize enfòmasyon pèsonèl mwen an?

Enfòmasyon nou kolekte pou raf la pap janm vann ni pase bay yon twazyèm pati. Ankouraje Bahamien pou pran vaksen an se SÈL OBJEKTIF nou.

Who organized this raffle?

This raffle was born of a partnership between the U.S. Embassy and the Caribbean Bottling Company.  We wanted to encourage more Bahamians to get vaccinated, so we reached out to like-minded Bahamians and Americans for donations of their time, services, and products.  We are proud of this effort, and hope it leads to a safer and healthier community for everyone.

Ki moun ki te òganize raf sa a?

Raf sa a te fèt nan yon patenarya ant Anbasad Ameriken an ak Caribbean Bottling Company. Nou te vle ankouraje plis Bahamien pran vaksen an, se pou sa nou te rive jwenn avek  Bahamien ak Ameriken kap panse  menmjan pou patisipasyon nan tan yo, sèvis, ak pwodwi yo. Nou fyè de efò sa a, epi espere ke li mennen kontribye  a yon kominote pi an sekirite ak an sante pou tout moun.

bottom of page